Byenveni nan Outright Immigration Services LLC

Nan Outright Immigration Services, nou ede imigran san papye ak moun ki pa imigran nan tout fason posib pou yo ka vin legal nan Etazini.

Sou Nou

Outright Immigration Services

Misyon Nou: Bay imigran yo posibilite pou yo vin endepandan Ozetazini, pandan n ap ofri asistans nou nan pwosesis imigrasyon nan ofri yo resous ki aksesib, konplè, ak chaje konpasyon.

 

Vizyon Nou: Devni yon sous sipò ak gidans pou imigran yo, kreye yon anviwònman ki an sekirite kote yo ka konprann dwa yo, jwenn resous esansyèl, epi pwogrese nan kominote yo.

Winette Rosier

Fondatris Outright Immigration Services (OIS)

Winette Rosier, yon defansè renome ki pran nesans nan men paran imigran ayisyen ki chaje ak kouraj ak detèminasyon, li dedye lavi li pou rann  jistis ak demontre konpasyon anvè imigran yo. Depi nan jèn laj li, Winette te fè eksperyans pèsonèl li, ki te chaje ak difikilte nan viv separasyon fanmi li, kote paran li yo te oblije al chèche yon lavi miyò nan yon nouvo peyi. Eksperyans sa a te ba li yon konpreyansyon pwofon sou batay moun san papye t ap fè fas nan peyi sa yo, tankou baryè pou jwenn edikasyon, jwenn travay ki pi byen peye, ak resous esansyèl. Malgre difikilte sa yo, fanmi li te genyen te arive simonte tout eprèv ak defi lavi a te mete anfas yo, e jounen jodi a, se eksperyans sa yo menm ki enspire Winette pou vin devni yon limyè pou chanjman.


An 2020, Winette te arive fonde Outright Immigration Services, yon sant kote imigran yo ka aprann plis sou dwa yo epi jwenn resous enpòtan pou ede yo avanse ak lavi yo. An 2023, li te lanse Outright Immigration Outreach, yon òganizasyon ki pote èd imanitè li, san okenn lide pou l rantre lajan an retou, pou ede moun ki pa ka peye sèvis Outright Immigration Services yo.


Pou Winette, travay sa a se yon misyon pèsonèl. Apre 10 lane separasyon, li te reyini ak sè li gras ak dosye imigrasyon li te ranpli avèk presizyon. Eksperyans sa a motive li pou ede lòt fanmi reyalize menm bagay la.


Winette espesyalize nan ajisteman estati pou moun ki baze sou fanmi epi li se yon espesyalist imigrasyon avèk anpil ladrès. Li travay kòm yon preparatè dokiman, tradiktè, ajan notè, ofisyan maryaj, ak pwofesyonèl finansye. Li pale plizyè lang: angle, panyòl, fransè, ak kreyòl ayisyen, sa ki pèmèt li sèvi yon pi gwo kliyanèl avèk presizyon ak anpil anpati.

Ekip Nou an

Winette Rosier

Konsiltan Global Imigrasyon

Mario Jean-Gilles

Tradiktè Dokiman

Clients

“

Johnson Emmanuel

“Mèsi paske ou te ede sè mwen an nan pwosesis paròl imanitè li a.”

“

Rose Souffrant

“Mwen pa gen mo pou m eksplike jan mwen santi m kounye a.”

“

Loudrige Previl

“Kijan mwen ka remèsye ou pou sa ou fè pou mwen?”

AVI ENPÒTAN: Outright Immigration Services LLC se pa yon kabinè avoka. Konpayi nou an ofri yon sèvis pèsonèl gide ki konsantre sou preparasyon ak soubmisyon dokiman pou yon pri abòdab. Tout apèl nou yo rete konfidansyèl, e Konfidansyalite w ak vi prive w se priyorite nou.Pou konsèy legal, nou rekòmande w pou konsilte yon avoka oswa yon asistan legal depandaman de chwa w.